KI JWÈT W AP JWE JODI A?
JWÈT PA W, CHAK JOU !
SIT ENTÈNÈT. DESIGN. APLIKASYON. FÒMASYON.
KISA KI MMPB STUDIO ?
MMPB se yon studio design ki kreye sit entènèt ak aplikasyon mobil.
KESYON NOU RESEVWA PLIS
Nou kreye sit entènèt, nou fè design (logo, idantite vizyèl, afich, rezo sosyal), nou devlope aplikasyon mobil, epi nou bay fòmasyon. Yon sèl ekip pou tout pwojè dijital ou, depi premye ide a rive jouk li an liy.
An kreyòl, an franse ak an angle. Nou ka fè sit ou oswa aplikasyon ou nan youn, de oswa twa lang yo, pou w pale ak tout moun: an Ayiti kou nan dyaspora a.
Ti biznis, antreprenè, òganizasyon, lekòl, atis… Nenpòt moun ki bezwen yon prezans sou entènèt ki bèl, ki senp pou itilize, e ki sanble ak yo.
Fòmasyon pratik, an kreyòl, an franse oswa an angle: zouti dijital, kreyasyon sit, design, rezo sosyal. Nou adapte chak fòmasyon ak nivo ou ak bezwen ekip ou.
Ekri nou nan bertrand@mmpb.studio oswa vizite mmpb.studio. N ap reponn ou byen vit.